atis rezistans

ATIS REZISTANS : The Story of the Grand Rue Sculptors

Gran Ri – Boulva Jean-Jacques Dessalines -  se prensipal wout  ki lonje sòti nan nò rive nan sid Pòtoprens. Li sòti Bèlè ak Lasalin pou li  rive bò simityè epi mennen rantre Kafou. Sou kote sid Gran Ri a gen yon bann koridò  ki fofile tout  longè Boulva a. Se te yon katye ki te toujou  konn pwodui atizana pou touris – yon aktivite touris ki preske disparèt. Zòn sa a antoure toutotou ak yon bann  ti garaj kote yo repare oswa demonte dènye vye machin ki nan zòn lan. Katye a se anmenmtan youn depotwa pou vye machin epi yon sovè pou machin ki ap dekrenmen  nan vil yo.

Se nan rejyon sa a atis yo rele Ejèn grandi. Moun nan zòn sa a oblije resikle tout sa yo jwenn pou  yo viv.  Se youn rejyon kote atis travay di pou yo jwenn ekspresyon atistik yo. Yo fè gwo kokennchenn reprezantayon atistik ak tout sa yo jwenn nan lari a. Kit se vye motè  machin, televizyon, kapo rou, vye planch, yo kole tout ansanm. Yo reprezante debri yon ekonomi tèt anba   ki vin pran yon fòm vivan. 
Travay atistik moun  sa-yo sòti nan Ginen, nan eritaj afriken peyi a, ansanm ak nan reyalite lavi ayisyen jounen jodi-a. Zèv atizay sa-yo fè yon katye an detrès, nou ta kab wè nan syans fiksyon ki ap reprezante dekonpozisyon , tounen yon reyalite pozitf gras ak yon aksyon asanblay ki reyisi.   
Atis  sou Boulva Jean-Jacques Dessalines yo ap vin prezante eritaj asanblaj sa-a pou mounn toupatou  sou latè ka wè. Se pou rezon ekonomik  yo oblije sèvi ak resous sa-yo, men yo mete li ansanm ak vizyon atistik yo epi eritaj kiltirèl yo. Travay atistik yo ka demontre transfòmasyon nan divès nivo: yo transfòme fatra  sa-a an zèv atistik, yo kreye yon amoni kote ki te gen dezòd, lè fini nou wè transfòmasyon, kote twa jèn nèg, ki pa gen okenn fòmasyon atistik reyèl, vin transfòme  eritay sa-a ki sòti nan tradisyon atistik ‘modèn’ lan ansanm ak mouvman ‘pòs-modèn’lan.

>> Français >> English